Ti koze sou eboulman montay

Selon syantifik yo oswa jewològ yo, yon deboulonnay tè oswa glisman teren se yon deplasman, yon kase sèk oubyen yon defòmasyon tè a ki kapab fèt natirèlman (ewozyon, pant, tranbleman tè nati wòch yo) oubyen yon defòmasyon ki kapab fèt akoz aksyon moun (ibanizasyon, debwazman, explwatasyon min).
Pou yon esplikasyon senp dapre syantifik yo toujou, ou ka di gen eboulman montay se lè blòk wòch ap detache nan yon montay, glise tonbe anba pa bann e pa pakèt, san pa gen pèsonn ki lakoz fenomèn jewolojik sila nan moman aksyon an. Pa bliye gen eboulman nèj tou, se pou sa tèks la met aksan sou « Eboulman montay ».
Annayiti lamizè tèlman ap dodo meya lakay abitan yo (moun k’ap viv nan zòn andeyò yo), sa pouse yo eksplwate mòn yo malman nan lide pou yo jwenn lajan pou yo reponn ak bezwen ekonomik yo, san yo pa panse ak konsekans aksyon yo a ka bay nan kèk mwa, nan kèk lane.
Pou’m ale pi lwen yon kamyon wòch vann chè e peyizan yo gen pitit pou yo fè levasyon yo, voye lekòl. Anpil nan yo di latè pa pwodwi ankò e yo pa jwenn sipò leta non plis pou pote solisyon ak pwoblèm yo rankontre lè y’ap fè jaden oubyen lè yo ap mete tè yo an valè. Sa fè yo paka reponn ak bezwen ekonomik pitit yo e bezwen pa yo tou. Nan sans sa yo oblije pran mòn ki tou pre yo a ou ki bò lari a kòm yon espas pou yo fè lajan. Monte nan mòn nan ak louchèt, la mas, pikwa pou eksplwate mòn nan sovajman. Koupe pyebwa ki nan mòn nan oubyen flan mòn nan ak tout rasin, kite sèvi sipò pou mòn sa. Vide wòch anba pou vann ak moun k ap konstwi kay, ak chofè kamyon ki vin achte wòch. Aksyon yo a pote lajan se vre, men konsa tou li lakoz yon gwo malè pandje nan zòn nan oubyen bò lari a. Wòch yo ki rete anlè a nan mòn nan, ke yo poko fin eksplwate, vin san sipò. Van vante li kreye ewozyon, lapli tonbe li kreye ewozyon pi rèd. Kidonk a nenpòt moman mòn nan ka glise anba e ka lakoz aksidan, pèt an vi imèn nan zòn nan. Lè dega fin fèt, abitan yo osnon moun ki okouran de sa k pase a pral di lanati fache, epoutan se rezilta aksyon moun yo k ap koupe pye bwa nan mòn nan vire tounen.
Nan menm sijè sa tou, se pa sèlman abitan yo pou n akize. Fò n akize leta peyi n tou ki trè pasif nan sans sa. Nan gran peyi yo, sitou pou sa k gen awè ak pwoteksyon anviwonman, pou anpeche yon sitiyasyon pran chè, dirijan yo fè soti lwa sou sa (arete jiridik) ki entèdi sitiyasyon an. Yo fè tou Kanpay Sansibilizasyon sou edikasyon anviwonman. Apre yo trè sevè sou desizyon yo pran an. Men nan peyi nou Ayiti, èske gen lwa ki ekri déjà ki entèdi degradasyon anviwonman ? Si ta genyen lwa sa tou, èske leta aplike l vre ?
Nan sans sa si leta peyi n vle pou aksyon moun pa lakoz eboulman ankò, fòk gen lwa ki ekri sou sa, lwa sa dwe aplike. E panse tou kòman yo ka akonpanye peyizan yo lè y ap fè jaden paske movèz aksyon ke abitan yo komèt la pote 2 avantaj : premyèman bwa sa yo koupe yo, yo fè chabon avèk yo pou vann. Kidonk lajan antre. Dezyèmman, wòch sa yo y ap woule anba yo vann ak moun k’ap konstwi. Yon fason pou m diw, lajan antre pi rèd pou yo satisfè bezwen yo.
An reyalite nou pap predi malè men n oblije lojik sou kesyon an. Toutotan leta pa aplike sa n di yo la, abitan yo ap toujou kontinye eksplwate mòn yo malman. E n ap toujou fè fas ak ka sa yo : aksidan, pèt an vi imèn, wout bloke. Kidonk de jou an jou, mòn yo ap pi dezwaze, kouvèti vegetal nou an ap pi kritik, anviwonman n ap pi degrade.


Auteur : Jimmy Delisca
Ekositwayen ou Militan ekolojis

Marc-Donald VINCENT

Marc-Donald VINCENT est ingénieur agronome, technicien urbaniste, spécialiste de gestion de projets. Il fait un master en Gestion de projets à l'ISTEAH. Il vit en milieu rural à Milot, Nord, Haïti. Il est fondateur et administrateur de la revue LE SCIENTIFIQUE. Email : infos@lescientifique.com; Téléphone : +(509)46307623.

Laisser un commentaire